AYITI/PWOTESTASYON: OPOZISYON AN LANSE DECHOUKAJ JOVENEL MOISE NAN PEYI A.

Ayè mèkredi 23 oktòb 2019 la lidè opozisyon radikal yo anonse yon semèn nwa nan peyi a, kote yo lanse dechoukaj pou fòse prezidan repiblik la Jovenel Moïse kite pouvwa a.

Andre Michel ki tap pale nan non opozisyon an san kè sote anonse semèn 27 oktòb 2019 la rive 2 novanm manman pitit mare senti paske yo pral dechouke prezidan repiblik la Jovenel Moise ki selon yo menm pa vle kite pouvwa a.

Popilasyon ki fèmen nan kay depi plis pase sis (6) semèn kote pi fò aktivite bloke nan peyi a lekòl pa fonksyone mache pa ka ouvri pi fò leta fèmen nan wout pou konnen yon setièm semèn nwa.

 

 

 

 

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …