ESPÒ/ PREMYE LIG: YON LÒT VIKTWA ANKÒ POU LIVERPOOL KI RETE SOLIDE LIDÈ PREMYE LIG LA.

Wikenn sa premye lig la tap jwe dizyèm jounenl apre yon Gwo match kont man.United, ki te chòk jounen pase an.
Jounen dimanche 27 oktòb 2019 la yon lot fwa ankò Poulen Jürgen Klopp yo ankò byen jere match chòk 10èn jounen an lè yo bat tottenham (2-1).

Yon match ki te anonse lakoulè nan Anfild la Liverpool tak resevwa tottenham.
Harry Kane te ouvri eskò an pou Liverpool depi nan premye minit jwèt la apre gòl la ekip ki tap resevwa a te mete pye sou balon an pou chèche gol egalizasyon an men sa pat rive jis mitan an fini. Premye peryod la te fini (0-1) pou tottenham.

Apre poz demi an tounen sou pelouz la, egalizasyon an te vini byen bonè avèk Jordan Henderson nan 52èm minit.,
Apre gòl (1-1) sa, match la te rid chak ekip tap jwe pou jwenn gòl viktwa a jiska dènye kadè nan match la Muhammad Salah enskri gòk viktwa a pou klèb lè swa 75èm minit. Liverpool toujou kenbe poko pèdi nan premye lig la 10 match 9 viktwa yon Nil.
Se sèlman man.United ki te kenbe tèt avèk yo ki te fè yon match Nil.

Apre jounen sa Liverpool toujou ap domine chanpyona a avèk 28 pwen kòm premye ekip deyèl se Man.city ki gen 22 pwen swa 6 londè an mwens.

Pwochen match lidè chanpyona anglè an se pral pou samedi kap 2 Novanm nan an deplasman nan vila park la kont Aston villa.

OTÈ: JOCELYN COUYOUTE

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …