FOUTBÒL// EKSPATRIYE : JONEL DESIRE BAY FC LORI VIKTWA KONT GANDZASAR.

Chanpyona amenyen an jwe 12èm jounen li, jwè ayisyen an Desire Jonel make sou penalite pou fè gol viktwa a pou klèb li samdi 26 oktòb 2019 la.

Nan yon match très difisil nan Venadza académy stadium nan Fc Lori tap toke kòn li avèk Gandzasa ki 9vyèm nan klasman an.
Premye gòl la te vini byen bonè nan premye mitan an swa (18′) gras avèk Ruslan Zaerko. 5 minit apre swa 23èm Aleksandr te egalize pou Gandzasar. Se te konsa mitan an te fini.

Sòti sou pelouz aprè poz demi an tou de (2) ekip yo tap pouse pou chèche gol viktwa a, nou te dwe tann jiska 66′ pou twazyèm gòl rankont lan te vini lè Désire Jonel make pou klèb li sou penalite ki te sinonim ak viktwa a pou Fc Lori.

Aprè viktwa sa loryan yo okipe katriyèm plas klasman an avèk 21 pwen swa 4 pwen an mwens shirak ki gen 25 pwen, swivi.
Se sèlman yon (1) pwen ki separe Fc lori avèk 2zyèm nan ak twazyèm nan.

Yon rapèl pwochen match yo se pou wikenn 8 Novanm kont Fc Noah ki 6zyèm.

*OTÈ : JOCELYN COUYOUTE*

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …