AYITI/POLITIK:PRESYON POU FÒSE JOVENEL MOÏSE KITE POUVWA A AK KONTINYE SOU BETON AN

Branch bwa, barikad,lwil se mwayen pwotestatè yo itilize byen bonè lendi 4 novanm 2019 la nan divès zòn nan kapital la pou kontinye mande Jovenel Moïse kite pouvwa a.

Malgre entèvansyon chèf leta a te fè ak nasyon an sitiyasyon an toujou rete konplike jounen lendi 4 novanm 2019 la kote pi fò aktivite nan kapital rete paralize tankou mache fòmel la ak enfòmèl
pa rive byen fonksyone akoz twoub politik la ki blayi sou peyi a

Nap raple peyi a ap kouri sou nevyèm jounen lòk li kote jiska prezan pòt lekòl yo poko janm ka louvri pòt yo

Antretan ajan fòs de lòd yo lanse depi wikenn lan yon seri operasyon ki vize debleye la ri a ki chaje ak fatra yon fason pou pèmèt la vi ka reprann andedan peyi a

Poun fini nap fè konnen se preske chak jou gen yon sektè nan vi nasyonal la ap soti nan silans li pou mande Jovenel Moïse kite pouvwa a

Rikenson Fulgeance.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …