ESPÒ//EKSPATRIYE: GUINGAMP KASE MET NAN MEN EKIP CHAMBLY AN.

Lig 2 fransè an tap jwe 12èm jounen li pandan wikenn nan Guingamp de Frantzdy Pierrot imilye Chambly nan estad Pierre Brisson an (1-5).

Yon match gengantwa yo genyen avèk fasilite .
Se te ekip resevez la ki te ouvri eskò an byen bonè swa nan 3 premye minit Jwèt la se te Benjamin Santelli ki te make pou yo.
11′ apre entènasonal ayisyen an Pierrot egalize swa 14èm minit pwoteje Sylvain Didot yo pat pran tan pou pran avantaj la swa 6 minit apre Yannick Germis make (1-2) an. Mitan an fini konsa nan avantaj koyekipye Frantzdy yo.

Sòti nan poz demi an apre si (6) minit Bryan Pele ta pral agrave eskò an swa 51′ nan jwèt la.
Nan fen match la pele avèk Yannick ta pral make (2) lòt gòl pou efondre ekip resevez lan chak jwè sa yo te ofri tèt yo yon double pou bay viktwa a ak Guingan (1-5). Gòl yo fèt youn apre lòt (87′) epi (90’+3).

Apre viktwa sa Gengantwa yo okipe 6èm plas klasman an avèk 19 pwen.
Pwochen rankont yo se ap pou 14 Novanm 2019 nan estad  Roudourou an kont Ac Ajaccio ki 2èm avèk 25 pwen.

OTÈ: JOCELYN COUYOUTE.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …