ESPÒ//LIG DÈ CHANPYON: REAL MADRID IMILYE GALATASARAY NAN BÈNABEWOU AN.

Yon Gwo match pou brezilyen an Rodrygo ki soti grif li kote li fè twa (3) gòl plis yon pas desizif, li te jwenn sipò yon bon Karim Benzema ki fè (2) gòl avèk yon pas pou pèmèt Real Madrid bat Galatasaray sou yon eskò tenis sis zero (6-0).

Yon match madrilèn yo kontwole depi nan kòmansman jiskaske li fini.
Byen bonè Rodrygo te ouvè eskò an swa 3′ nan jwèt la sou yon pas de Marcelo, twa 3 minit apre Rodrygo ta pral agrave eskò an sou yon kout tèt apre yon sant de Marcelo ankò swa setyèm minit.
Ramos te make (3-0) sou pennalite nan 14èm minit apre yon fot Toni kroos te sibi nan rantre sifas reparasyon an kapitèn nan byen bwotel yon palenka.
Depi nan premye kadè an (15) premye minit yo real tap mennen (3-0).

Nan fen mitan an Rodrygo ankò ki te nan joul ofri yon kavya pou Benzema ki make (4-0) an depi lè sa se te pratikman fini pou ekip Tiki an ki te gentan pran kat (4) gòl, nan karant senk minit premye mitan jwèt la Benzema make. Se avèk avantaj (4) gòl mitan an te fini an favè ekip ki tap resevwa.

Apre poz la madrilèn yo tap ofri yon bèl espektak avèk piblik la nan pase balon yon bon match pou pepit 18 lane brezilyen an tout sal fè te bon pou li.
Teknisyen Fransè kap antrene klèb vil Madrid la te fè kèk lòt chanjman pou bay lòt poulen jwe kelke minit nan rankont sa.

Casemiro te kite plas li pou balon dò an kise Luka Modrič nan (60′) jwèt la, Isco te ranplase Éden Hazard nan (68′).

Apre anpil bèl okazyon kreye, pwoteje Zidane yo te oblije tann (10) dènye minit match la pou make (2) lòt gol pou kloure Tik yo avèk Benzema epi Rodrygo (81′) Benzema sou yon pas desizif de Carvajal (90+2)Rodrygo make twazyèm gol pèsonèl li nan match la apre yon pas de karim.

Apre triple sa pepit brezilyen 18 lane an rantre pami jwè ki pi jèn ki make (3) gòl nan tout istwa konpetisyon sa.
Premye an se te Raúl Gonzalez nan mwa oktòb 1995 avèk (18 lane 113 jou).

OTÈ: JOCELYN COUYOUTE

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …