FOUTBÒL FEMINEN : ELIMINATWA JO TOKYO 2020 AYITI NAN GWOUP « A » KI GEN ETAZINI LADANL.

Jounen jedi 7 Novanm 2019 la tiraj osò pou dènye liy dwat eliminatwa Jo tokyo 2020 an fèt nan syèj Medyapo studios la nan vil miyami.

Konfederasyon foutbòl amerik dinò amerik santral ak karayibeyèn nan (konnkakaf) la fè tiraj osò an pou dènye faz elininatwa tounwa feminin nan je olenmpik ki gen pou fèt nan vil tokyo nan lane 2020 an Ayiti nan gwoup « A » yon gwoup ki parèt difisil.

Aprè tiraj sa seleksyon nasyonal ayisyèn senyò an konnen avèk kiyes li gen poul al toke kòn li pou kalifikasyonl pou konpetisyon an li dwe fini nan de premye ekip yo poul espere jwe demi final poul panse avèk avnil nan jwèt la.

Nan gwoup saa grenadyè yo pral jwe premye match yo le 28 janvye 2020 kont Etazini, le 31 menm mwa lap jwe kont kostarika, dènye rankont lan se le 3 fevriye 2020 yap toke kòn yo avèk Panama.

Dènye liy dwat la genyen sèlman 2 gwoup (A,B).
Match gwoup yo ap gen pou jwe sòti 28 janvye 2020 pou fini 3 fevriye 2020, de (2) premye ekip nan chak poul ap kalifye pou demi final rankont sa yo ap jwe le 6 fevriye 2020, de (2) ekip ki kalifye pou final la ap kalifye pou konpetisyon an, Final la ap jwe le 9 fevriye 2020.

Pou rapèl seleksyon feminen ayisyèn nan te jwenn kalifikasyonl pou faz sa apre de (2) bèl match li te jwe nan mwa oktòb pase an kont Surinam (10-0) epi kont Pòtoriko (2-1).

Men ekip ki nan 2 gwoup yo.
Group « A »
Etazini
Kostarika
Panama
Ayiti

Gwoup « B »
Canada
Meksik
Jamayik
Sent kis & Nevis

OTÈ: JOCELYN COUYOUTE

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …