AYITI/KONDANASYON: EKIP ECHOJOUNAL LA KONDANE ZAK MASPINAY AK ASASINA KI FÈT NAN MWENS KE DE JOU SOU PLZYÈ JOUNALIS NAN PEYI A.

Echojounal kondane ak tout fòs li zak maspinay ak asasina ki fèt sou twa (3) jounalis nan peyi nan mwens ke de jou sèlman kote yon militan nan opozisyon bay yon jounalis kameraman Tele Metropole Elcy Dieulassaint  yon souflèt nan kad travay li nan otèl Marriot pandan li tap kouvri pwòp ativite yo samdi 9 novanm 2019 la.

Nan menm samdi 9 novanm 2019 malfetè ak zam sou moto touye jounalis metè an ond radio solèy ak radio national Bernard Belle Fleur pandan lap rantre lakay li nan zòn Meyòt wout frè.

Nan lannwit dimanch 10 oktòb 2019 mesye dèyè barikad yo atake ak kout wòch kout boutèy jounalis korespondan radio Galaxie nan Miragwàn Lequel Adinord pandan li tap sot kouvri manifestasyon nan komin nan, jounalis la pèdi konesans anba kout wòch.

San konte plizyè jounalis ki tonbe, ki viktim anba zak vyolans avan sa e san konte lòt jodi a ki nan kache akoz yap sibi gwo menas anba militan ak moun yo pa rive idantifye.

Nap fè tout militan konnen kèlkanswa nan kan ou ye a touye jounalis, bat jounalis, bay jounalis presyon anpeche yo fè travay pap fè Jovenel ale ni fèl rete sou pouvwa a.

Nap mande otorite konsène yo pou pran tout dispozisyon pou jonalis ki tonbe yo, ki viltim yo, kap sibi menas yo jwenn jistis yo.

Echojounal.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …