AYITI//LA SANTÉ: LOPITAL MEVZ SOU GWO MENAS POUL TA FÈMEN PÒT LI POU LAJAN YO DWE LI

Lopital « Bernard MEVZ » Youn nan pi gwo sant ospitalye ki ap fonksyone pandan peryod kriz la gen gwo menas pou li ta fèmen pòt li pou lajan yo dwe li ki evalye ak 2.2 milyon dola Ameriken.

Nan peryod mwa septanm pou rive mwa oktob, blòk kap opere nan lopital la reyalize environ 220 entevansyon chirijikal pou Moun ki blese nan seri mobilizasyon kap fèt chak jou nan peyi a pou mande gouvènman anplas la kite pouvwa a.
Majorite entèvansyon sa yo fèt avèk kòb lopital la.

Lopital la menase pou li ta fèmen pòt li nan moman sitiyasyon peyi a ap vin pi malouk,sitou preske chak jou Moun ap blese pa bal san konte aksidan ak Lot maladi à.

Nan sans sa lopital la lanse Yon apèl o sekou pou yo pote èd ba li pou li ka kontinye bay pèp la Yon ti kal laswenyay .
Sinon kafe nou menm pèp ayisyen ka koule ak ma.

Otè : Malvoisin Louisias Diego

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …