AYITI/POLITIK: KOWÒDONATÈ JENERAL KSID LA REYAJI SOU KRIZ PEYI DAYITI A.

Mesye Cenat John Kelly ki se kowòdonatè jeneral KSID ki se konbit sitwayèn pou devlopman latibonit, yon strikti ki pwòch pouvwa a an plas la nan site endepandans lan bay pozisyon li sou ansanm konsètasyon kap fèt nan tout peyi an sou dosye kriz la nan peyi an ki dakò pou fè pwopozisyon sòti kriz ki ka pèmèt peyi an jwenn yon solisyon pou soti nan kriz sa a kap ravaje peyi an pandan anviwon 3 mwa.

Kowòdonatè KSID la fè konnen pwopozisyon sa yo kap pwone dyalòg nan fòmasyon gouvènman inyon nasyonal la ap reprezante yon fason pou yo kapab jwenn yon solisyon konstitisyonèl demokratik ak kriz sa a.

Òganizasyon sa a ki pwòch gouvènman Phtk a fè konnen batay kap fèt nan lari an pa nan avantaj popilasyon ayisyèn nan kap viv nan yon kondisyon ki difisil anpil.

Rolguy Docteur

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …