AYITI/EDIKASYON: KONPAYI NANM SOLÈY DAYITI (KNSD) PRAL ONORE 2 FANM POU SA YO REPREZANTE NAN SOSYETE PEYI DAYITI.

Yon inisyativ ki vize chache moun ki gen plis pase 100 lane pou onore yo, sitou pou sa yo reprezante nan sosyete Ayisyèn nan anba tout kalite pwoblèm pèp ayisyen an toujou ap konnen men kanmèm ki toujou reziste epi rive nan echèl 100 tan.

Konpayi nanm solèy Dayiti (FNSD) an kolaborassyon avèk Legb’art deside onore de (2) fanm youn ki kite non li nan edikasyon peyi Dayiti pou bèl travay reyalize ak youn ki gen plis pase yon syèk, gras ak pwojè « Exceptionnel centenaire en Haïti ».

Moun k’ap jwenn omaj sa yo se (2) fanm vanyan ki bay vi yo e ki goumen anpil nan sosyete Ayisyèn nan, madam Odette Roy FOMBRUN, ap resevwa omaj sa nan fondasyon Odette Roy FOMBRUN nan lakou Pòtoprens pou 5 Desanm 2019 la epi Elida Solon LAROCHE sou plas Charlemagne PERALTE pou 7 Desanm 2019 la.

Moun k’ap nan tèt aktivite sila se Lobenson CIVILMA ki reyalize de (2) bis yo, Assedius BELIZAIRE direktè atistik, Jean Junior THÉODORE direktè asistan ak Jean Bernard PRINVIL fotograf e Videyas.

 

Gmail: josephjemsley814@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …