AYITI/MANIFESTASYON: ARNEL BELIZAIRE NAN TÈT YON MANIFESTASYON NAN RABOTO GONAYIV.

Ansyen depite Delma ak Taba  Arnel Belizaire te nan tèt yon manifestasyon nan katye Raboto jedi 28 Novanm 2019 la nan aprè midi kote yo te pase nan plizyè ri nan katye Raboto pou mande prezidan repiblik la Jovenel Moise kite pouvwa a.

Ansyen depite an te fè vizit sa a nan site endepandans lan nan kad yon virewon lap fè nan gran nò peyi an pou opozisyon demokratik lan kapab defini lòt strateji pou kapab kontinye ak lòt faz pou mobilizasyon yap fè depi anviwon 2 mwa pou kabap kontinye mande prezidan jovenel Moise kite palè nasyonal.

Nap raplew ansyen depite Arnel Belizaire gen yon manda komisè gouvènman pòtoprens lan mesye Jacques Lafontant lanse pou yo arete li pou konplo kont leta ayisyen.

Rolguy Docteur

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …