AYITI/ENSEKIRITE: BANDI KONTINYE DECHÈPIYE POPILASYON AN NAN MÒN TAPYON

Yon fenomèn ki ba bandi yo plis fòs chak jou ki pase kote responsab lapolis yo pa janm pran yon desizyon pou desitire bandi sa yo ki pa janm sispann pran tout ti sa moun ki ap frekante zòn sa posede ki se Mòn Tapyon nan komin Gran Gwav.

Pou Mèkredi 27 Novanm 2019 la yon lòt fwa nan Mòn Tapyon nan Komin Gran Gwav bandi yo pran tout sa pasajè, chofè machin ak chofè moto posede, yon kamyon gaz kita pral fè livrezon pa kote li ta prale a, bandi yo pran tout gaz kite gen nan kamyon an.

Viktim yo di leta avèk tout responsab polisye yo ki dwe asire lavi yo, ke yo bouke viktim anba men bandi sa yo ki santi yo alèz pou fè sa yo vle, yo mande responsab yo fè devwa yo pou yo pa konnen moman nwa sa yo ankò.

Otè: Jemsley JOSEPH

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …