Komin Senmak youn nan komin nan peyi Dayiti ki ap konnen difikilte anba ensekirite kapab rale yon souf nan jou ki ap vini yo gras ak yon chita pale otorite yo ap fè sousa.
Yon inisyativ ki pran bò kote komisè polis komin Senmak la, kite wè nesesite a pou mande chèf meri Senmak la, komisè gouvènman nan Komin nan, tout polisye ki afekte nan bay sèvis nan komin nan epi sendika chofè yo pou wè kijan yo ka inifye yo pou kouri dèyè ensekirite nan komin nan ki pa fè valè popilasyon an nan Senmak.
Otè: Jemsley JOSEPH
Kredi foto: Ayibopost