Klase nan uitèm (8èm) pozisyon nan chanpyona Anglè a, yon sitiyasyon ki parèt konplike pou Klèb Londonyen an, aprè match nil 2-2 kont ekip Saftonton’m lan nan kad trèzyèm (13èm) jounen chanpyona Anglè a.
Ekip Asenal la ta pral pran yon kalòt mezi figil nan kad Senkyèm (5èm) jounen Lig Ewopa ayè Jedi 28 Novanm 2019 la, sou teren yo kont Klèb
Alman an, Entra Frankfòt 1-2, malgre defèt sa ekip Anglè a toujou rete lidè nan gwoup (F) la.
Defèt sa lakoz revokasyon antrenè Unai Emry nan tèt Ekip la,pou kounya responsab yo nan Klèb Asenal poko di kiyes ki pral pran tèt ekip la.
Otè : Mackenson Sévère