ESPÒ/EKSPATRIYE: YON JWÈ AYISYEN MAKE 5 GÒL NAN PEYI AMENI POU KLÈB LI FC LORI.

Nan okazyon 15èm jounen chanpyona ameni an ki tou klotire premye tou an FC.Lori bat FC Yerevan (8-0) Jonel désire make 5 gòl nan fèt la.

FC Lori tap resevwa nan vanadzo Academi stadium nan sou de (2) pye fèm maten dimanch premye desanm  2019 lan  FC Yerevan.

Festival gol la te kòmanse nan (32′) minit lè atakan nasyonalite ayisyen an te deklanche premye gòl la (1-0).
10 minit apre swa (42′) Luiz Matheus ta pral agrave eskò an. Se avèk avantaj de (2) gòl sa mitan an te fini nan avantaj ekip resevez la.

10 minit apre fèt la ta pral kontinye Robert manasyon ta pral agrave eskò an swa (52′).
Jonel Désire make (3) gòl youn kole ak lòt pou fè (6-0) an.
Swa ( 59′,61′,64′.).
Robert ankò make yo double pou (7-0).
Jonel Désire make
(8-0) an pou klotire fèt la. Senk (5) gòl pou ayisyen an.

Apre rankont sa koyekipye Désire yo pran tèt klasman an ak (28) pwen, Ararat Arménien 2èm ak 27 pwen .
Pwochen match FC lori se ap le 28 fev 2020 pou dezyèm tou an.

OTÈ: JOCELYN COUYOUTE.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …