AYITI/POLITIK : INISYATIV SITWAYEN FANMI DÈLMA (ISFAD) BAY POZISYON YO SOU KRIZ SOSYO- POLITIK PEYI A AP KONNEN AN.

Jounen madi 3 desanm 2019 la ki make jounen mondyal moun kap viv ak yon domaj,ISFAD pwofite bay yon konferans pou laprès nan délma 33 nan pak midore ,pou fikse pozisyon yo sou kriz politik peyi a ap konnen sa gen 3 mwa deja.

ISFAD demonse fason peyi a ap dirije a e mande fok bonjan limyè fèt sou dosye petwo karibe a ak koperativ pou’n site sa selman , e mande ak prezidan peyi a Jovenel Moïse pou pran responsabilte’l nan fason lap jere bak peyi a.

Inisyativ sitwayen fanmi dèlma fè apèl ak inite selon estrikti sa,se nan tèt ansanm yap rive rezoud tout kalte pwoblèm peyi a ap konnen depi tanto 3 mwa e pran wout devlopman tout bon vre.

Otè : Mackenson Sévère

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …