AYITI/KOMEMORASYON: YON NOUVO PRENTAN POU EMISYON TRIBUNAL DU SOIR SOU RADYO ECLAIR.

Emisyon « Tribunal du soir » selebre ayè madi 3 desanm 2019 la nan radio eclair ki chita kò li sou wout Dèlmas a premye ane yo sou frekans 100.5 FM nan.

Yon emisyon politik ki gen nan tèt li Doktè Harrisson Ernest ke fanatik li yo rele « Lòm verite a » ki gen avèk li Reginald Gèdeon ke yo rele « Nèg analiz la » epi de (2) bèl fanm vanyan Berlinda Mathurin ak Lubin Deborah se moun sa yo ki bay tèt yo misyon chak swa de lendi jiska jedi nan lè 8è pou rive 10zè pou edike, fòme, enfòme ak distrè pèp ayisyen an.

Emisyon sila ki gen pou motè PKL ki se platfòm kore lavi yon strikti ki gen misyon kontribiye nan edikasyon familyal ak edikasyon sivik tout kouch nan popilasyon ayisyèn nan.

Pou premye ane Tribunal du soir sou radio eclair, yon emisyon espesyal te òganize kote plizyè fanatik emisyon an, manm PKL nan tout kwen peyi a te la nan yon anbyans twoubadou tap selebre gwo jou sa, san konte plizyè otorite ak konfrè jounalis ki te make prezans yo.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …