AYITI/KILTI : POU VOYE ALE ANE 2019 LA CAPTAIN AP ÒGANIZE YON GWO FESTIVAL NAN KOMIN « CROIX-DES-BOUQUETS »

Fondasyon Huberman ak captain enstitisyon pou selebre dis (10) lane egzistans li nan komin Croix-des-Bouquets a ap òganize yon festivak kap dire de (2) jou e lap kòmanse jou kap
Mèkredi 31 desanm 2019 e l’ap fini jedi 01 janvye 2020 an pou li satisfè fanatik yo ak kliyan li yo.

Pwogram sa yo ap fèt nan kafou ti pyè nan zòn anba pikan mèkredi 31 desanm e li ap nan kafou captain jou kap (01 – janvye 2020) an.

Kiyès Captain ye ? Captain se yon jèn gason ki fèt Croix-des-Bouquets se tout kwisyen kwisyèn kap fè eloj de potorik gason sa.

Nan okazyon sa staf kap dirije enstitisyon sa te jije li nesesè poul fèmen ane an avèk anpil plezi e gete.

Captain gym captain baber shop
Pou bon Sèvis yap bay nan komin nan PDG an vle pwouve kontantmanl, deside onore zanmi ak fanmiy captain yo.
Nan dat sa yo lap pèmèt tout moun nan peyi an vinn patisipe nan pwogram sa.

Pral gen anpil animasyon, e depi 3hr nan aprè midi pou × nan maten avèk yon latriye DJ e pa bliye ap gen anpil lòt sipriz nan jou sa avèk Captain Gym e Barber.

DJ Claudy mix, DJ sizo, DJ vibe, DJ zoe DJ kenley boy, DJ swag, DJ Gérald mix, MV mix, Bigi mix, DJ asasen, Wander mix, Joli mix, panpan mix, sucre mix, heavy mix, DJ Gens ak anpil lòt ankò.
DJ sa yo d’i yo pap ki jou sa San yo bay plezi pou fen ane a.

San bliye ZIP captain, racing Mapou, M.O.B.G, G.GAIS 3 FOIS PLUS, KONTAK MIZIK, BLOKUS, DÉTERMINATION RECORDS, YANNY & ROBERT’S TCHAN PANPAN.

Pwogram sa jwenn sipò jwenn sipò fondasyon Bob Anel, sterling Bas tiens, St cap, dlo Azeu, Dyno Multi service ak Nana Quinquaillerie.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …