AYITI/NWÈL: KOLABORE METE KÈ KONTAN KAY PLIZYÈ TIMOUN POU FÈT NWÈL LA.

Òganizasyon KOLABORE distribiye plizyè jwèt nan apre midi 24 desanm 2019 la nan zòn Dèlma 38 a plizyè dizèn timoun.

Timoun sa yo ki soti nan divès kwen nan Dèlma ki te gen paran yo avèk yo resevwa anpil bèl jwèt nan yon anbyans mizikal kote yo tap danse apre yo sot konn yon moman nwa ak peyi lòk la kote yo pat ka pran lari pou yo te ale lekòl.

Yon manm nan kominikasyon KOLABORE a ki tap reyaji pandan okazyon an mande intite pou pèmèt timoun yo viv, li mande kolaborasyon pou ede timoun ki pral gen pou pran desten peyi a pa twò lontan.

Nap raple òganizasyon sila toujou prezan nan aktivite sosyal sitou sa ki gen rapò ak edikasyon jenès la nan mwa jiyè 2019 pase a, yo te bay yon chèk senkant (50,000) goud nan konstriksyon yon bibliyotèk nan komin Site solèy.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …