AYITI/SIKILASYON:PLIS PASE 500 MOUN PÈDI LAVI YO NAN AKSIDAN PANDAN ANE 2019 LA DAPRÈ « STOP ACCIDENT

Nan yon bilan Òganizasyon « Stop Accident » prezante nan sa ki gen pou wè ak aksidan sikilasyon pandan ane 2019 la yo anrejistre 3837 viktim sou 2260 ka aksidan pami yo 520 moun bay dènye bout souf yo epi 3317 lot blese soti nan dat 31 desanm 2018 la pou bout 31 desanm nan lane 2019 la

Yon lòt bò responsab yo fè konnen pifò moun ki mouri yo se jèn epi bilan ki bay la se pou moun ki mouri sou plas, lòt moun ki al bay dènye souf yo nan lopital pa anrejistre nan bilan sila

Pou fini nap fè konnen zòn ki plis touche pa aksidan sa yo se :Morne Tapion, léogane, gressier, mariani,Delmas, la route de l’aeoropport, la Plaine du cul-de-sac, Arcahaie, Côtes-des-arcadins, Saint-Marc ak Cap-Haïtien pou site sa yo selman.

 

Otè:Anderson PHEBE

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …