AYITI/STA: AK KÈK JOU KANAVAL 2020 AN, SHABBA DJAKOUT #1 BAY FANATIK LI YO ANPIL KÈ SOTE.

Responsab gwoup Djakout #1 yo pran sanksyon kont HERVE Antenor ke tout moun konnen sou non Shabba apre chantè a te parèt nan yon konfli ak Paul Gary Polo Borno nan yon intèvyou ak Guy Wewe nan Enfraza jou ki te 4 janvye 2020 an.

Kominike a ki soti jounen jedi 9 janvye 2019 la kondane pawòl atis la tap di yo ki te kapab mete li nan gwo bouch louvri ak frè mikwo li Polo e ki ka bay fanatik yo gwo kè sote konsènan avni djaz la, selon kominike a Shabba pap pap nan soti djaz ap gen pou fè yo el pap ka pran la pawòl nan non gwoup la san kominike a pa di pou konbyen tan sanksyon ye pandan nou ak kèk jou pou kanaval 2020 an.

Nap raple Djakout #1 se yon gwo tenò nan kanaval peyi Dayiti ak rival yo T.Vice ke yo nan yon polemik depi plizyè lane kote youn pa janm vle kite pou lòt e Shabba se youn nan motè yo.

Selon enfòmasyon yo se pa premye fwa responsab Djakout #1 yo app ran sanksyon kont Shabba pou konpòtman li e fason lap reyaji nan deklarasyon li yo. Yon dosye nap swiv.

 

kredi foto: twitter

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

QUAVO BRISE LE SILENCE APRÈS LA MORT AU DÉCOLLAGE : “JE NE TE QUITTERAI JAMAIS”

Pour la première fois depuis la mort du rappeur Takeoff, Quavo s’est adressé publiquement à …