AYITI/KANAVAL: OTORITE YO ANONSE TÈM KANAVAL LA KAP GEN POU FÈT NAN LAKOU PÒTOPRENS.

Ane 2019 ki sot pase a kanaval la pat rive fèt akoz kriz politik ki tap boulvèse peyi a menm lè te genyen plizyè djaz kite gentan soti mizik yo, atis yo ta pral chita ansanm pou deside pa moute cha.

Nan yon nòt de près ki pibliye jounen mèkredi 15 janvye 2020 an minis kilti ak kominikasyon demisyonè a Jean Michel Lapin anonse tèm kanaval ki se « ANN POTE KOLE POU AYITI DEKOLE » se nan kapital la kanaval nasyonal la ap òganize soti 23- pou rive 25 fevriye 2020 kontrèman ak tout rimè ki tap kouri kom kwa se vil okap ki ta pral resevwa kanaval nasyonal la pou 350 lane depi vil sa te kreye.

Otè : Mackenson Sévère

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …