AYITI/SEKIRITE: KOMISÈ GOUVÈNMAN AKEN AN MET KANSON LI NAN TAY LI POU FRENNEN ZAK ENSEKIRITE A NAN KOMIN NAN.

Depi li fin monte nan tèt pakè Aken an, Adrien Exama lanse plizyè operasyon pou kwape tout zak ensekirite kap fèt depi kèk tan nan jiridiksyon Aken an.

Nan yon entevansyon l tap fè sou radyo karayib maten jedi 16 janvye 2020 an chèf pakè Aken an fè konnen gen plizyè kò gang kap opere nan komin nan. Li site yap opere nan zòn monsejou, senjòj, koridò, mango blan elatriye. Daprè li gang sa yo pa sispann fouye machin, volè zafè moun nan jiridiksyon an.

« Zòn Aken an pouri ak gang ». Prèske nan chak seksyon kominal gen yon kò gang ». Sa se pawòl komisè gouvènman an mesye Adrien.

Poze l kesyon sou ki kote manm gang sa yo soti, reprezantan gouvènman nan tribinal la fè konnen anpil nan jèn ki nan gang sa yo se moun kap kache pou lapolis lòt kote ki vin tabli nan jiridiksyon an.

Yon lòt bò komisè a mande ak popilasyon an kolabore ak lajistis , lapolis pou rive mete men nan kòlèt tout moun kap bay pwoblèm nan komin nan. Li pwofite mande tou ak leta santral akonpaye li ak lapolis nan batay sa lap mennen pou mete sekirite plat Aken.

Gédéon DELVA

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …