AYITI/ENSEKIRITE: LAPOLIS NAN KOMIN SENLWI DI SID LIBERE DE (2) BANDI DELMA 2 POPILASYON AN TE MET MEN SOU YO

Depatman sid youn nan depatman nan peyi Dayiti fenomèn bandi a ap ouvè zèl li chak jou ki pase pi plis, komin Aken avèk Senlwi di sid se de (2) komin nan dènye tan sa yo k’ap konnen moman difisil anba men bandi.

Ayè Mèkredi 22 Janvye 2020 an popilasyon nan Senlwi di sid rive mete men sou de (2) bandi ki di yo sot Delma 2 nan 6zè nan aswè kote yo te gen misyon pou vin tire yon jèn gason nan komin Senlwi di sid ki rele Edner BENOIT kote de (2) bandi sa yo ta mandel nèf (9 000) mil dola ameriken pou ta epanye li anba lanmò.

Aprè popilasyon an rive mete men sou de (2) bandi sa yo epi remèt yo a polisye nan komin nan sa pat pran tan nan menm sware a polisye yo libere yo sou konplisite twa (3) jij non twa (3) jij yo se: Walker PIERRE, Jackson FLEURISMA epi Elouis ST-HÉLOIT daprè fanmi viktim nan san swivi legal lajistis.

Sa fanmi viktim nan rive dekouvri pou Jedi 23 Janvye 2020 an nan maten lè yo rive nan tribinal la kote yo fè yo konnen polisye yo pa fè dosye pou de (2) bandi sa yo.

Popilasyon an mande kilè y’ap rive gen yon ti bout souf anba men bandi ki pa sispann dechèpiye yo kote leta pa vle pote yo sekou.

Otè: Jemsley JOSEPH

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …