LEMOND/EPIDEMI/LACHIN: YON VENTÈN MOUN MOURI NAN YON EPIDEMI KI BAY GWO KÈ SOTE NAN MOND LAN.

Komisyon nasyonal sante nan peyi Lachin soti yon bilan tèt chaje maten vandredi 24 janvye 2020 an sou kantite moun ki mouri ak viris la e ki kantite ka yo deja jwenn.

Selon komisyon an 25 moun gentan mouri, yo jwenn 830 ka epi gen 1.072 lòt moun yo sispèk ki ta gen viris sila. Otorite peyi Lachin yo pran anpil dispozisyon pou viris la pa ta pran mond lan, yo deja mete an karantèn de (2) vil ladan yo vil Wuhan kote epidemi an soti a.

Selon enfòmasyon yo epidemi sila pataje de moun ak moun e gen plizyè vèsyon sou sa ki ta a la baz viris sa , yon dosye ki bay gwo kè sote nan mond lan, sitou konsènan rimè ki ta fè kwè yo ta jwenn yon ka nan peyi Etazini.

 

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …