LEMOND/EPIDEMI: LACHIN PRAL KONSTWI YON GWO LOPITAL NAN DIZ (10) JOU POU POTE SEKOU AK 11 MILYON MOUN KI AN DANJE.

Otorite nan peyi Lachin yo pran desizyon jounen vandredi 24 janvye 2020 an pou konstwi yon gwo lopital nan vil Wuham kote epidemi an pran nesans lan pou kapab pote sekou ak plis pase 11 milyon moun kap viv nan vil sila.

Plizyè dizèn gwo kamyon, traktè deja disponib sou tèren an ki mezire plis pase venn senk mil (25 000) m2 pou konstwi lopital la kap kapab pran mil (1 000) kabann ak plizyè lòt espas tankou famasi laboratwa pou site sa yo, selon otorite yo lopital la dwe fini anvan 3 fevriye 2020 kap vin la.

Nap raple okenn moun kap viv nan vil Wuhan pa ka kite vil la pou ale nan okenn lòt vil nan peyi Lachin depi dekouvèt epidemi sa.

 

Kredi foto: Sciencepost

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …