ESPÒ//FOUTBÒL D2 PLEYÒF: JUVENTUS DES CAYES JWENN ELIT FOUTBÒL LA APRÈ DE LANE NAN LANFÈ.  

Juventus des Cayes bat Roulado aprè midi 26 janvye 2020 an nan Parc Gérard Christophe nan seyans penalite (3-2) apre (1-1) nan tan reglemantè yo.

Seri pleyòf yo tap kontinye nan chanpyona dezyèm divizyon nasyonal ayisyen an kote apre match faz gwoup yo nan zòn Sid la se te Roulado Lagonave ki te kalifye avèk nèf (9) pwen nan gwoup Sid 1 an, Juventus te kalifye avèk set (7) pwen nan gwoup Sid 2 an.
Yo tap jwe final zòn nan, demi final pleyòf yo sak bat la ap tou jwenn youn (1) nan de (2) plas yo pou elit la ki se premye divizyon an. Dezòmè Kayen yo pral jwenn rès sèz (16) ekip yo pou sezon 2020 an.

Apre de (2) sezon nan chanpyona asansyon an yo rele lanfè dezyèm divizyon an ekip Sid la pral jwe nan premye divizyon an ane sa.

Jocelyn Couyoute

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …