ESPÒ/PLEYÒF: USR REJWENN ELIT NASYONAL LA APRE PLIZYÈ ANE NAN LANFÈ DEZYÈM DIVIZYON AN.

Aprè Juventus des Cayes ki jwenn yon plas pou jwe premye divizyon chanpyona nasyonal ayisyen an ane sila, USR kalifye sou pon sonde nan final zòn nò an bò kote pa li.

Apre plizyè ane nan chanpyona asansyon an pi presizeman (14) ane, ekip Petite rivière l’Artibonite lan pral jwe nan premye divizyon an,
Lèl kalifye sou pon Sonde FC apre (90′) san gòl yo te oblije depataje yo nan seyans chout penalite (3-2) pou ekip atibonisyèn nan.

Apre Racing fc Gonaïves, Baltimore, tempête, sa fè yon katriyèm ekip ki pral gen pou reprezante depatman latibonit lan sezon sa nan premye divizyon chanpyona nasyonal ayisyen an.

Pa bliye final pou konnen kiyès ekip ki chanpyon nan dezyèm divizyon an ta sipoze jwe jeudi kap 30 janvye 2020.

Jocelyn Couyoute.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …