FOUTBÒL/JE OLENMPIK: SELEKSYON OLENMPIK AYISYÈN BÒ KOTE MESYE YO KOMANSE PREPARASYON YO POU DÈNYÈ FAZ YO.

Soti 20 mas pou rive 1e Avril 2020 se dènyè faz kalifikasyon pou JO Tokyo 2020 an pou zòn konkakaf la ki ap demare nan peyi Meksik ki gen otorizasyon pou resevwa dènyè faz eliminatwa sila nan vil Kwadalara.

Seleksyon ayisyèn ki gen pou pi piti 23 lane an fèmen nan sant FIFA Gòl la nan kwadèboukè, ti mesye yo k’ap gen pou reprezante peyi Dayiti nan konpetisyon sila fèmen depi vandredi 24 janvye 2020 an.

Nan objektif pou byen prepare pou al chache kalifikasyon yo nan gwoup B a sou direksyon preparatè fizik yo Steeven Chéry.

Nèf (9) premye jwè ap gen pou pran pa avèk premye seyans travay Chéry ap gen pou reyalize nan kad preparasyon sa, non nèf (9) jwè sa yo se : Dutherson Clerveaux, (Cavaly As) Steevenson Guillaume (RFC), Sauvens Paul, (Baltimore SC) Emerson Thibert (Cavaly AS), Peterson Junior Joseph,(VAC), Pierre Francy (FICA), Olive Rosemond, (Tempête FC) Oracius Wilmond(VAC), et Dorley Jean Evens, (Cavaly As).

Seleksyon an pap kapab konte sou jwè sa yo pou premye faz preparasyon yo akoz yo angaje avèk club yo pou yo al jwe CFU championship la, lis jwè sa yo ki pap gen aksè a preparasyon sila se: Odilon Jérôme(DBPV), Danley Jean Jacques , Dorlus Eliader(DBPV), Alan Jérôme (DBPV), Kenley Dédé (DBPV), Frantz Piton (AFC), Clifford Thomas (AFC), Marc Robenson Beldor (AFC), y ap gen pou rejwenn gwoup la aprè 10 fevriye 2020.

 

Otè : Mackenson Sévère

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …