ESPÒ/EPIDEMI: YON OTEL ABANDONE NAN PEYI OTRASLI AKOZ SELEKSYON FOUTBÒL FANM CHINWA A DESANN LADANN.

Otorite nan peyi ostrali yo mete sou gwo dispozitif sekirite yon otèl nan vil Brisbane peyi Ostrali apre ekip chinwaz foutbòl fanm nan kap jwe match eliminatwa pou je olenmpik yo rive nan otèl la.

Desizyon sa pran selon otorite yo pou evite «Coronavirus» lan kap vale teren nan peyi Lachin epi nan plizyè lòt peyi nan mond lan pa anvayi peyi yo a ke yo gentan jwenn kèk moun ki gentan pran viris la nan ka si ta gen nan jwè yo epi nan delegasyon chinwaz la ki ta gen viris la.

Nap raple ekip chinwaz la soti nan vil Wuhan kote epidemi an chita kò li e deja touye plizyè dizèn moun e se nan vil sa gen anpil match eliminatwa pou je olenmpik yo te pwograme ke konfederasyon azyatik foutbòl ta pral pran desizyon dimanch 26 janvye 2020 an pou match yo pa jwe an Chin.

 

kredi foto; Le Parisien

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …