ESPÒ/FOUTBÒL FANM: AYITI AK PANAMA FÈ YON MOVE PA NAN PREMYE SOTI YO POU DÈNYE FAZ ELIMINATWA JO 2020 YO.

Premye jounen dènye faz eliminatwa JO Tokyo 2020 bò kote medam yo yo kòmanse nan lannwit 28 janvye 2020 an Etazini baleye Ayiti (4-0) epi Costa rica lave Panama (6-1).

Amerikèn yo ta pral siprann ayisyèn yo byen bonè nan rankont lan lè yo ta pral ouvè eskò an nan dezyèm minit jwèt la.
Malgre sa bikolò yo te kenbe sekous seleksyon nasyonal amerikèn nan jis kaske mitan an fini sou eskò (1-0).

Aprè poz demi an seleksyon medam ayisyèn yo ta pral dekonsantre, yo pat menm ka miltipliye 5 pas pou wè si yo ta jwenn egalizasyon an, se amerikèn yo ki te gen kontwòl jwèt la, yo pase balon, yo choute, yo toujou fini aksyon yo nan kan ayisyèn nan.

Travay sa pat rete san peye nan peryòd sila yo make twa (3) gòl pou bat match la (4-0).

Costa-Rica li menm nan jounen sa fè pi bèl operasyon an lèl te bat pi bonè Panama (6-1).

Apre premye jounen an nan gwoup A a
men kijan klasman an ye.

Costa-Rica premye avèk 3 pwen avèk yon diferans plis (+5)
Etazini dezyèm (+3) pwen diferans plis 4,
Ayiti twazyèm avèk yon diferans zewo(0),
Panama bon dènye diferans mwens en (-1)

Jocelyn Couyoute

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …