ESPÒ//FOUT D2 PLEY ÒF: JUVENTUS GENYEN FINAL PLEY OF YO POU SEZON 2019-2020 AN.

Nan Lannwit 30 janvye 2020 an final pleyòf ekip chanpyon yo jwe nan vil Senmak nan Parc Levelt kote USR tap toke kòn li avèk Juventus des Cayes. Cayen yo chanpyon nan seyans chout penalite.

Tout moun te gentan konnen ekip ki monte nan premye divizyon ane sa apre pleyòf yo se Juventus ki te chanpyon nan zòn sud epi USR te chanpyon nan zòn nò.

Nan yon match trè ekilibre kote tou de (2) ekip yo tap miltipliye kèlke bèl jès teknik., Phillipo Ronaldo te ouvè eskò an pou Juventus des Cayes nan fen premye mitan an swa (40′) se te sou eskò sa mitan an te fini.

Sòti nan poz la ekip Latibonit lan ta pral jwenn egalizasyon an avèk Joseph Arison.
Malgre plizyè tantativ pou tou de (2) ekip yo pat gen gòl jiskaske 90 minit lan fini.

Se toujou konsa nan pleyòf yo depi gen egalite eskò nan yon match yo itilize seyans penalite dirèk pou depataje ekip yo, konsa Juventus chanpyon (5-4).

Randevou 29 fevriye epi 1er mas 2020 pou lansman premye jounen chanpyona premye divizyon an D1(CHFP).

Jocelyn Couyoute

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …