AYITI/MEDYA: POLISYE A KAGOUL ATAKE RADIO TELEVISION CARAIBES E KOZE ANPIL DEGA.

Radio Television Caraïbes viktim nan apre midi dimanch 23 fevriye 2020 an de mouvman polisye kap mande pou gen sendika nan lapolis la epi ak pi bon kondisyon travay.

Polisye sa yo ke pi fò ladan yo kagoule atake radio a epi mete dife nan plizyè machin jounalis ki te parking nan Riyèl Chavanne nan ak baryè pou antre nan radio a, menm polisye sa yo te anpeche ak kout wòch boutèy katouch moun ki ta al eseye etèn dife yo pou te anpeche plis dega nan lakou radio a ak Riyèl Chavanne kote radio a chita kò li.

Yon zak ke direksyon radio a kondane ak plizyè kouch nan sosyete a, direksyon an pran desizyon kanpe sou tout emisyon li yo pou yon dat ke pèsòn moun poko konnen.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …