AYITI/NÒT POU LAPRÈS: MANM FÒS LAME DAYITI YO KONDANE ATAK POLISYE YO FÈ SOU KATYE JENERAL YO A.

Nan yon nòt pou laprès jounen lendi 24 fevriye 2020 an fòs lame peyi Dayiti a kondane atak lapolis fè sou yo nan apre midi dimanch 23 fevrier 2020 an nan baz yo sou chanmas la.

Yon atak selon nòt pou laprès la ki lakoz yon manm nan fòs lame a pèdi lavi li epi de (2) lòt blese anba katouch nèg ak kagoul ki te gen gwo zam nan men yo ki te pran plis pase sizèdtan ap tire yo sou yo, manm fòs lame a kondane zak sa ki pa kadre ak misyon lapolis ki se pwoteje epi sèvi popilasyon an.

Nan menm nòt sa yo pwofite swete fanmi sòlda Dorvil Jean Baptiste ki pèdi lavil nan atak sa, an menm pote solidarite yo ak Caporal Lucien Cerdieu ak sòlda Castin Audate ki yo menm blese.

 

Kredi foto: Loop

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …