ESPÒ/ELIMINATWA KOUP DIMOND: AYITI FÈ YON MASAK SOU EKIP TRINIDAD LA.

Dènye match faz gwoup F la jwe jounen jedi 27 fevriye 2020 an, seleksyon ayisyèn pi piti pase 20 lane bò kote medam yo mal mennen Trinidad (7-0) avèk yon Gwo match pou Melchie Daelle Dumorney ki make (3) gòl nan rankont lan.

Byen bonè Corventina te make premye gòl la nan sis (6) premye minit rankont lan (1-0) sis (6) minit apre swa douzyèm (12èm) nan tout rankont lan Dumorney ta pral make yon double (2- 0) pou ayiti.
Valantina ta pral agrave eskò an nan ventyèm (20èm) minit yo pou (3-0) an.
Dalina Joseph 2 minit apre ta pral enskri (4-0) an swa vendezyèm (22èm) minit.
Valantina ta pral ofri tèt li yon double nan fen premye mitan match foutbòl sila pou (5-0) an se te avèk avantaj sa grenadyè yo te rantre nan vestyè a.

Sòti sou pelouz aprè poz lan Darlina Joseph ta pral make (6-0) an pou retire tout espwa ekip advès la swa nan (51′).
Nèf (9) minit apre corventina ta pral make yon bijou yon gòl sou koufran dirèk nan 50 mèt pou li te ofri yon avantaj ekstraòdinè avèk grenadyè e avek Laurent Mortel (6-0).

Apre rankont sila Ayiti fè yon pakou pafè 3 match 3 viktwa.

Men klasman gwoup F lan:

AYITI premye avèk 9 pwen 22 gòl make 0 ankese.
Trinidad dezyèm avèk 6 pwen
Îles caïmans ak St kisst fini respektivman twazyèm epi katriyèm ak zewo (0) pwen.

Pwoteje Laurent Morthel yo ap gen poul jwe avèk Barbade nan pwochen tou an ki ap 1/8 final Dimanch kap 01 mas 2020 an.

Jocelyn Couyoute

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …