ESPO/FOUTBOL: ALESY OLNICK DEKLARE YO PRE POU NOUVÈL SEZON AN AVÈK EKIP AFC AN

De (2) jou avan debi chanpyona nasyonal premye divizyon peyi dayiti an Fàbregas fè konnen ekip AKAYÈ an pare pou refè sa yo te fè ane pase an.

Nan yon kout entèvyou ak redaksyon Echojounal defansè an di se avèk anpil jwa pou yo wè chanpyona nasyonal relanse ankò malgre tout sa kap pase nan peyi an. Se pwofesyon yo se de li yo viv.

Aprè yon long preparasyon ki te mennen yo al fè siksè nan peyi Jamaïque nan CFU an.
Coach la te ba yo yon (1) semèn repo aprè repo an yo te pran tèren pou prépare sezon 2020 an kote yo te jwe plizyè match amikal dènye an pou klotire seri rankont sa yo yo te bat tempête (2-0).

Selon ansyen jwè Roulado lagonave la yo gen anpil jèn ki entegre estaf ekip la pou ede yo gen manm pou jwe long sezon sila kote yap gen pou jwe kont 17 ekip.

Ane sa ekip Akayè an vize jwe pleyòf ankò apre lòt bagay yo ap vini, se sa ki nan tèt tout jwè se sa coach la di nou.

Pa bliye AFC ap jwe premye match li dimanch 01 Mars nan parc St Yves kont ASM sou direksyon Gabriel Michel dit (Tigana).

Jocelyn Couyoute

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …