Jan sa te anonse a plizyè dizèn moun te foule beton an sou wout aryopò a jounen madi 17 mas 2020 an nan lide pou kontinye fòse yo libere prizonye politik yo.
Pandan tout pakou Manifestasyon an patizan prizonye politik yo pat mete dlo nan bouch yo pou denonse chèf leta a ki pase lòd pou ta anpeche prizonye yo libere
Nan sans sa yo sèmante sou vi yo lòt semen kap vini la si Arnel Belizaire ak lot prizonye yo pa jwenn liberasyon yo yap konvèti mouvman an nan yon lòt fòm
Nap raple mouvman pou jwenn liberasyon prizonye politik yo se preske chak semèn li fèt men jiska prezan anyen poko di pou yo
Konsèy: sonje toujou lave men nou epi evite pa mete men nou nan bouch nou,kanpe ak distans 2 mèt lè nou ap pale ak moun
Rikenson Fulgeance