ESPO/CHFP: MATCH ALE 3ÈM JOUNEN DON-BOSCO REJWENN GOU VIKTWA.

Wikenn 14 ak 15 mars 2020 an 3èm jounen chanpyona nasyonal d1 an jwe anpil sansasyon nan jounen sa.

Cavaly toujou poko pèdi, Don-Bosco rejwenn gou viktwa, Racing CH ak AFC fè premye viktwa yo, AS Mirbalais poko ka dekole, 3 match Nil pou Racing fc.

Gras ak vye briska Amy André cheval wouj yo rache yon nil kont America des cayes (2-2).
Malgre laj lewoganè an ap rantre pi fon nan istwa foutbòl ayisyen an kote li pral antre nan yon sèk trè fèmen jwè ki make san (100) gòl nan chanpyona sila ak 96 li ak kat (4) longè de Ménélas ak gòlyadò ayisyen an Pierre Golman.

Men rezilta ak kalandriye chanpyona nasyonal ayisyen an detaye.
Depi nan Samedi 14 Racing ch te bat Tempête sou eskò ki pipiti an (1-0).
Nan dimanche res match yo te kontinye.

Ouanaminthe vs Juventus (0-0)
Triomphe vs ASM (2-0)
Arcahaie fc vs Racing fc (1-0)
America vs Cavaly (2-2)
Cosmopolites vs Real Hope (2-1)
Don-Bosco vs As Capoise (1-0)
Fica vs Union SR (1-0)
Baltimore vs Violette (0-0)

Klasman chanpyona sa se cavaly ak Baltimore kap dominel yo chak gen 7 pwen, ASM bon dènye ak 2 mizerab pwen.

Men klasman an.
Cavaly 7 pwen
Baltimore 7 pwen
Triomphe, Fica, America, Juventus, Violette, Ouanaminthe, Cosmopolites, Arcahaie tout gen 3 pwen.
ASC, Réal Hope, Racing Ch, USR, Tempête, Racing fc yo gen 3 pwen.
As Mirbalais bon dènye ak 2 pwen.

Yon 3èm jounen ki te trè anime sou tout tèren pòtoprens tankou pwovens piblik la kòmanse vin nan match pou sipòte ekip yo.

Klèb lwès yo fè bèl rezilta nan jounen sa yo pa fè defèt, nan sid se de (2) match Nil pou kayen yo, latibonit pa menm yon viktwa se pi move jounen depi kòmansman sezon an, klèb Nò yo sove lonè Fica fè yon kout viktwa.

Jocelyn Couyoute

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …