AYITI/KOMÈS:PRI PWODWI MOUN PI KONSOME YO FENK AP MONTE NAN PEYI A

Aprè anons prezidan repiblik la te fè jounen jedi 20 mas 2020 an pou konfime gen de moun ki gen kowona viris nan peyi a,pri pwodwi nesesite yo pa sispann monte sou mache lokal

Yon sitiyasyon ki lage anpil gwo kè kase kay chak grenn moun nan popilasyon an parapò ak yon ansanm pwoblèm yo tap andire deja depi plizyè lane

Malgre divès gwo mezi gouvènman an anonse li pral pran pou ede popilasyon an sa pa anpeche pri pwodwi yo toujou ap monte

kesyon anpil moun ap poze eske otorite yo ap gen ase jèvrenn pou rive ede kouch ki pi ba nan sosyete a parapò ak yon ansanm pwoblèm yo tap andire.

 

Rikenson Fulgeance

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …