FORJEERHA MANDE POPILASYON AYISYÈN LAN POU APLIKE TOUT MEZI GOUVÈNMAN AN MANDE YO POU YO PRAN

Nan yon nòt pou laprès ki kominike jounen jedi 19 mas 2020 an mande popilasyon ayisyèn lan pou itilize tout mezi otorite yo mande pou yo pran yon fason pou yo ka fè prevansyon kont viris lan

Aprè tout mezi sa yo gouvènman an anonse pou viris kowona a,Forjeerh estime li pa sifi

Nan sans sa Forjeerh anonse yo pral itilize lòt estrateji tankou pase de kay an kay yon fason pou mesaj de sansibilazyon ka pi byen pase de viris la

Yon lòt bò yo denonse ajan usgpn nan ki te malmennen pwofesè,etidyan ak pèsonèl lekòl nòmal siperyè jou kite vandredi 13 mas 2020

Antretan yo konstate nouvo gouvènman ki monte a pa reflete sitiyasyon popilasyon ayisyèn lan epi ki fèt san yon akò politik

Nap soulinye forjeerha se yon federasyon ki regwoupe divès strikti jèn ak etidyan andedan peyi a

Moun ki siyen nòt sila se

Poudh: Exume Jean Jounior
Leedh: Jackson Louis
Redha :Edson Pierre Louis
ICEI: Yves Mari Norestant
Ijdga: joanek Pierre
Rerdh : James Julien
Ofedh: Hermita Azor

Rikenson Fulgeance

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …