Ayiti/Legliz: Legliz chalòm koube anba mezi gouvènman an pran pou entèdi 10 moun rasanble.

Aprè gwo mezi gouvènman an te pran pandan semèn pase yo pou entèdi plis pase 10 moun reyini nan yon espas piblik oubyen prive.

Ebyen nan sans sa lidè enfliyan legliz chalom la pastè Jacques Maurice anonse aprè midi an sou radyo kiskeya ke tout aktivite sèvis espirityèl yo kanpe pou jiskake kowona viris la fon bese nan peyi a.

Pandan entèvyou a lidè relijye a ankouraje popilasyon ayisyèn lan pou pa fè tèt di pou aplike tout mezi otorite yo mande yo pou pran yo yon fason pou yo evite plis moun atrape viris la.

Pilwen li mande leta pou louvri kèk magazen yon mannyè pou kouch ki pi mal yo ka jwenn yon ti lamanjay pandan moun yo ap rete lakay yo.

Yon lòt bò pastè Jacques Maurice pat mete dlo nan bouch li pou kritike leta ayisyen ki refize bay radyo chalom piblisite sou kowona viris la epi ki ap aji an timoun piti.

Nap soulinye depi lè chalòm pèdi frekans 103.7 la kantite moun ki te konn tande yo a diminye e san konte divès manb legliz la ki abandone.

 

Rikenson Fulgeance

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …