AYITI/SANTE: YON JÈN GASON KI SOTI NAN ZÒN KAFOU PEYAN IMILYE NAN YON LOPITAL OFATMA APRE LI TE FIN SANTI YON MALÈZ.

Yon jèn gason ki rele Adrien Nelson ki abite nan zòn Kafou Peyan ki pat pote li byen nan lannwit vandredi 27 mas 2020 an konnen yon moman nwa nan yon lopital ofatma nan kapital la apre paran li te fè anpil efò pou te jwenn yon anbilans pou kouri avèl lopital.

Jèn gason sa ki tap soufri ak gwo doulè epi te gen pwoblèm pou pran souf ta pral konnen yon pi gwo doulè lè doktè yo nan lopital la pat pote li sekou kote yo te fèmen pòt yo pou li pat antre nan lopital la, sou pretèks  jèn sila ta gen kowonaviris e lopital la pa jere ka sa selon yon pwòch jèn gason an ki te oblije retounen lakay yo avèk li.

 

kredi foto: loop news.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …