Direktè teknik dinepa a anonse yon ansanm mezi ki gentan pran pou alimante dlo bay popilasyon an pandan pasaj kowona viris la nan peyi dayiti

 

Nan kad yon konferans ak laprès Dirèk CTE a mesye Paul Lydbenson Théodate te gen jounen madi 31 mas 2020 an anonse divès gwo desizyon ki gentan pran yon fason pou pèmèt popilasyon an rive jwenn dlo poul fonksyone pandan pasaj pandemi kowona viris la nan peyi a

Nan sans sa direktè a fè konnen gen plizyè dizèn kamyon dlo prive ki ap chaje nan dinepa pou al livre bay popilasyon an nan zòn chann mas epi ak nan zòn ki pi rekile yo

mezi sa yo rive pran pou pèmèt popilasyon an ka fè fason ak pandemi sila

Yon lòt bò mesye Paul Théodate fè konnen nan kad yon paterya yo rive jwenn ak konpayi dlo tretre
prive yo dlo yo pral bese kote galon dlo a te konn vann 6 dola kounya li pral vann 3 dola

Sa vle di dinepa ap founi konpayi prive yo dlo a gratis epi konpayi prive a pral vann popilasyon an dlo a nan yon pri ki pi ba ki se 15 goud

Pilwen mesye Théodate lanse yon mesaj bay tout moun kap konekte sou dlo oubyen jwe nan vann yo san otorizasyon ap gen gwo konsekans sou la vi moun sitou ak mikwòb
se poutèt dinepa ap gen yon nimewo ki disponib pou rele yon mannyè pou lajistis ka reyaji
nimewo pou moun yo rele a se 5959

Sou bò pa direktè teknik sant lan mesye Pascal Adonis anonse gen yon ekip travay kap fèt nan taba 68 epi yon telejesyon ki enstale pou konekte ak sistèm nan epi san nan vivi Michel gen yon rezèvwa ki an konstriksyon ki pral pèmèt gen plis dlo ki pral distribiye

Poun fini nap soulinye depi plizyè lane sant kote dinepa ap eksplwate dlo yo ap sibi anpil gwo difikilte kote anpil moun nan zòn plèn plan ap fouye pwop ponp yo sa ki pèmèt gen yon bès nan ponpaj dlo dinepa yo

Rikenson Fulgeance

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …