AYITI/KOWONAVIRIS: KOWONAVIRIS LA TOUYE YON PREMYE MOUN SOU TÈRITWA NASYONAL LA.

Peyi Dayiti konnen premye mò li anba kowonaviris la jounen dimanch 5 avril 2020 an selon sa minis sante piblik la fè konnen nan yon kominike.

Selon kominike a ki pat site non moun sa ke kowonaviris la pase pran lavi li a, se yon mesye ki gen 55 lane sou zo bwa tèt li e ki te soufri plizyè lòt maladi tankou sik tansyon poun site sa yo ki ta fè li mouri pi vit. Minis sante a Dr Marie Gréta Roy mande tout moun respekte prensip yo “rete lakay nou” toujou lave men nou, evite soti san gen bezwen.

Nap raple se premye moun ki mouri nan peyi a depi ke otorite yo  te fin anonse ke kwowonaviris la pile sòl peyi Dayiti a jou ki te 19 mas 2020 an.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …