AYITI/INIVÈSITE: UEH LA NAN YON SIKILÈ FÈ KONNEN YO PA REKONÈT OKENN ANÈKS DE FAKILTE LI YO OUBYEN LEKÒL DWA YO

Nan yon sikilè ki soti nan dat 31 mas 2020 an UEH la ki se inivèsite leta ayisyen fè konnen yo pa rekonèt okenn anèks ki di yo afilye ak fakilte oubyen lekòl dwa epi syans ekonomik yo nan peyi a.

Sikilè a fè konnen se sèl sant pa yo yo konnen afè anèks la yo pa konnen li pandan yo rekonèt demand lan anpil yo pral chita ak enstans konsène yo pou wè kijan yo pral pote yon solisyon.

Pwofesè Daniel Dupiton ki tap reyaji sou sikilè a fè konnen EDSEG ki se ekòl dwa ak syans ekonomik nan Gonayiv pa gen anèks lekòl la okenn kote nan peyi a men li rekonèt gen sant kap bay kou yo men sa pa vle di yo rekonèt yo kòm anèks.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …