AYITI/PANDEMI: YON JÈN GASON PÈDI LAVI LI NAN VIL KABARÈ AKOZ LI PAT JWENN SIPÒ POPILASYON AN.

Yon jèn gason pèdi lavi li ayè lendi 13 avril 2020 an nan komin Kabarè apre li te genyon malèz kote li pat ka pran souf tout moun te kouri kite li atè a san yo pat al pote li sekou.

Jèn gason sa ke nou pat rive jwenn non li pat pran twòp tan pou li mouri, moun ki te sou plas kote jèn gason sa tap rann souf li an te mete nan lespri yo ke jèn gason an ta gen kowonaviris yon sityasyon ki ta pral kreye yon ti panik nan komin nan kote anpil moun tap kouri kite espas la pou yo pat kontamine, konsa tou te gen plizyè lòt ki te prefere rale telefòn yo pou fè foto jèn nan olye yo pote li sekou selon enfo nou rive jwenn. Pèsòn moun poko ka di kisa ki touye jèn gson sa

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …