AYITI/SEKIRITE: PREMYE MINIS JOUTHE FÈ YON DEKLARASYON TÈT CHAJE KONSÈNAN DYALÒG LI AK BANDI VILAJ DE DIEU YO.

Premye minis Joseph Jouthe fè konnen jounen mèkredi 15 avril 2020 an li konn pale ak bandi yo sitou bandi ki nan vilaj de Dieu yo.

Selon premye minis Jouthe Izo, Manno, Amos, 5 segond pou site non bandi sa yo kap taye Banda nan zòn vilaj de Dieu ak zòn ki tou pre yo konn rele li nan telefòn e li menm an tanke premye minis li pale avèk yo e lap kontinye pale ak yo, selon premye minis la se prèske tout bandi yo ki pale avèk li se pa sèlman bandi vilaj De Dieu yo. Bandi vilaj yo ta pale avèk li yon fason pou li ta fè retire separatè lapolis mete nan zòn pòtay yo, separatè ak barikad sa yo ki bay bandi yo anpil pwoblèm e leve plim sou do yo.

Premye minis lan fè konnen lap moute mi e lap mete bandi yo an karantèn si yo pa remèt zam ki nan men yo a, li te ale pi lwen pou fè bandi yo konnen yap pale nan pita.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …