AYITI/PANDEMI: PA GENYON EPIDEMI FYÈV NAN PEYI A MEN GEN PANDEMI KOWONAVIRIS, TOUT FYÈV SE SIN KOWONAVIRIS LA.

Nan yon tèt a tèt direktè jeneral ministè sante piblik la doktè Dr Lauré Adrien ak jounal le «le nouvelliste» doktè a fè konnen peyi Dayiti pa genyon epidemi fyèv men genyon pandemi kowonaviris.

Selon doktè a yon moun ki santi fyèv nan jou sa yo ta dwe mete tèt li an karantèn paske fyèv la se premye sin kowonaviris la se pou sa nan tout tès yo se tanperati yo kontwole anvan, tout moun ki gen fyèv nan jou sa  yo dwe rete lakay yo oubyen ale nan yon sant ki pi pre pou li kapab pran swen.

Doktè a fè deklarasyon sa yo apre anpil bri kouri nan tout kwen nan peyi a de yon fyèv kap frape moun fò, yon fyèv ke anpil moun gentan genyen sitou nan depatman lwès la. Nap raple nan dènye jou sa yo bilan moun ki gen kowonaviris yo bay gwo kè sote kote pou sèl jounen 16 me 2020 an otorite sanitè yo kontwole 98 moun ki gen kowonaviris la sa ki bay 456 pou 20 moun mouri ak 21 lòt ki trete.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …