Jounen madi 19 me 2020 an yon kab wot tansyon tonbe nan zòn mache Taba a, li touye twa (3) moun la pou la epi yon lòt moun ta al mouri lopital selon sa direktè kominikasyon an Milka Jean-Baptiste ki tap reyaji sou ensidan sila fè konnen.
Moun sa yo mouri boule apre fil wot tansyon an fin tonbe sou yo, malgre dilijans kèk moun nan popilasyon an pou te bay moun sa yo lavi sa pat rive fèt, machann yo ki te an kolè te pwofite voye anpil pawòl piman bouk otorite yo.